Célébration de la 56ème Journée Internationale de l’Alphabétisation

Allocution de Jean Ricot Dormeus,

Coordonnateur du Mouvement de Prière pour Haïti (MPH)

Jeudi 8 septembre 2022

 

Minis Edikasyon Nasyonal Nesmy Manigat,

Sekretè Deta Alfabetizasyon Suzette Michel St Georges,

Tout lòt diyitè ak envite espesyal,

Medam, mesye,

 

Youn nan pi gwo kado nou ka bay yon konpatriyòt

se montre l li ak ekri.

Se yon kado ki anrichi moun ki resevwal la,

paske li genyen yon zouti ki pèmèt li devlope tèt li.

Kado sa anrichi moun ki bay li a tou,

paske, jan manmanm te konn di,

depi wap manje djondjon, fò dan ou nwa.

Ki donk, depi nap bay, nap resevwa tou.

 

Jounen Entènasyonal alfabetizasyon an fè nou reflechi

sou prensip fratènite ki nan deviz nou:

“libète, egalite, fratènite”.

Eksperyans tou patou montre nou:

“fratènite ak egalite ede kenbe libète”.

Youn nan pi bèl ekspresyon fratènite

se montre yon konpatryòt li ak ekri.

Lè nou patage ledikasyon, nou fè limyè jayi.

Nou montre nou renmen pwochen nou.

Nou leve tèt pwochen nou,

sa ki pèmèt nou leve tèt peyi nou.

 

Se pou egzèse fratènite ke Mouvman Priyè pou Ayiti (MPH)

bay lan men ak Sekreteri Deta Alfabetizasyon epi UNESCO

pou mete pwogram alfabetizasyon

« Wi mwen kapab » la sou entènèt .

Nap jwenn tout resous nou bezwen,

videyo ak kaye egzèsis,

sou sit web MPH la : mphai.org/alpha.

Kèlke swa kote nou ye,

depi nou genyen yon telefòn entèlijan ou byen yon òdinatè

ak kouran epi entènèt,

nou ka montre yon lòt moun li ak ekri.

 

Pou nou ka kenbe Ayiti kòm yon nasyon,

nou dwe renmen youn lòt,

pwoteje youn lòt,

epi ede youn lòt devlope.

An nou limen limyè sou chimen moun ki bò kote nou.

An nou kenbe men fanmi ak zanmi

pou ede yo travèse move pas dlo pa konn li ak pa konn ekri.

An nou chak pran responsabilte nou

pou fòme tèt nou e pou nou fòme youn lòt.

 

Frederick Douglas te di : « Depi ou aprann li, wap lib pou tout tan ».

 

Si nou renmen libète nou,

an nou renmen aprann

pou nou fè plis pwogrè nan lavi a

epi pou nou patisipe jan sa dwa nan devlopman peyi nou.

 

Mwen di mèsi a tout moun

ki te ede Mouvman Priyè pou Ayiti

mete pwogram alfabetizasyon an sou entènèt.

Kounyeya an nou fè pwomosyon pou li

pou anpil moun ka itilizel.

Mwen di mèsi a Sekreteri Deta Alfabetizasyon an

pou travay elimine pa konn li ak pa konn ekri nan peyi a.

Mwen voye yon kout chap bay UNESCO ki akonpaye travay sa.

Mèt Jack Yvon Pierre te kle nan konekte nou ansanm

pou kolaborasyaon sa te fèt.

Nou di mèsi a Junia Colas ak Bertin Joseph

pou bèl sipò yo te bay.

Anfin nou di mèsi a tout manm Mouvman Priyè pou Ayiti,

an patikilye Komisyon Pwojè

ke Sè Laurette Cupidon ap dirije.

 

Se pou tout Ayisyen,

lavil kou andeyò,

sa ki nan sektè prive,

sa ki ap travay nan leta,

sa ki nan sosyete sivil,

sa ki nan legliz, sa ki jèn tan kou sa ki gran moun

pote patisipasyon pa yo.

Se pou tout Ayisyen pale ak yon lòt

de pwogram sa ki sou entènèt epi edel itilizel.

Avan nou bat je nou, nou ka geyen yon lòt peyi

si nou pran responsabilite nou.

 

Se pou tout 10 depatman peyi a,

depi Okap rive Jeremi,

depi Jakmèl rive Hench,

depi dezyèm plèn rive vale Latibonit,

leve kanpe

pou fini avèk afè pa konn li ak pa konn ekri sa.

 

Jezikri te di disip li yo :

« Nou se limyè mond la epi sèl tè a ».

Mezanmi, an nou fè limyè nou klere wout pou lezòt,

an nou bay peyi nou bon gou avèk sèl ki nan nou an.

Nan Mouvman Priyè pou Ayiti,

nap priye pou Ayiti, nap aji pou Ayiti.

E ou-menm, ki sa wap fè pou Ayiti ?

 

Mèsi. Ke Bon Dye beni nou tout !

 

Share This Post

Share on facebook
Share on linkedin
Share on twitter
Share on email

Subscribe To Our Speeches and blog

keep up to date

Do You Want To Inspire your team?

drop us a line and keep in touch