Asosyasyon Ayisyen nan Guyana (AHNIG)

Diskou Jean Ricot Dormeus

nan okazyon fèt drapo Ayiti

Dimanche 17 mai 2020

 

Konpatryòt mwen yo,

Frèm ak sèm yo,

Jodi ya Ayisyen nan le monm antye genyen yon jwa kap travèse kè yo, yon emosyon ki chita nan nan nanm yo, ak yon refleksyon ki anvayi lespri yo. Se fèt drapo nou, sa vle di se fèt inite paske tout kouch nan sosyete ya te met tèt ansanm pou senbòl sa te ka kreye. 

Se fèt egalite paske Catherine Flon, yon fanm, te jwe yon ròl premye plan nan evenman sa lèl te koud drapo a, sa ki montre tout moun genyen valè nan sosyete a.

Se fèt responsabilite paske fondatè nasyon an te pran responsabilite pou ya depanm de lòt mounm, pou yo mennen vi yo jan yo wè ki te pi bon.

Se fèt rèv ak lespwa paske drapo a te fè lide viktwa ak endepandans pi klè nan lespri tout moun jiskaske Ayiti te vini premye Repiblik nwa nan le monn. 18 me zansèt nou yo te reve 18 novanm ak 1e janvye. Si nou reve, planifye, nouri lespwa, pa genyen kote nou pa ka rive.

Se yon lonè pou mwen pou leve drapo nou byen wo jodi ya ki se premye fèt drapo kominote Ayisyen nan Guyana òganize e ki se jou eleksyon pou mete yon nouvo konsèy Egzekitif nan tèt asosyasyon an.

Mwen felisite epi remèsye dirijan AHNIG yo ki mete pwogram sa sou pye. Yon gwo kout chapo pou Prezidan Marie Alexandre, Visprezidan Kesnel Toussaint, Dr Gary Joseph, Pastè Noelsaint Badette, Doktè Jean Alexandre, Jhonson Alexandre ak lezòt yo pou sakifis yo, jefò yo ak angajman pou yo sèvi kominote ya.

Mwen salye tou tout kandida ki al nan eleksyon jodi ya, mwen swete yo bòn chans. Se bèl bagay lè moun vle sèvi kominote yo. Mwen bat bravo pou Kosèy Elektoral la tou, an patikilye Doktè Alexandre ak Jean Luc, ki fè yon travay eksepsyonel.

Mwen wè tout bèl reyalizasyon asosyasyon an deja fè nan Guyana kote nou pa genyen ni Anbasad ni Konsila. Moun yo arete jwenn sipò, moun jwenn opotinite travay, moun ki lopital jwenn vizit, mounm ki pèdi djòb akòz koronaviris jwenn asistans, moun ki bezwen avanse edikasyon yo jwenn ankourajman ak konsèy, moun ki pa an règ nan peyi a jwenn enfòmasyon sa pou yo fè. Asosyasyon an konekte Ayisyen ak lòt òganizasyon nan peyi ya.

Lè moman vini, sè Marie a ban nou yon rapò konplè sou travay AHNIG.

Mwen ankouraje chak Ayisyen nan Guyana kontribye pou asosyasyon an avanse. Kontribye lajan nou, GY$5000 or US$25 pou yon lane. Kontribye sèvis nou, pote nou volontè nan aktivite asosyasyon an. Kontribye enfliyans nou. Pale byen de asosyasyon an e pi fè pwomosyon pou li. Twa mwayen sa yo se pi bon fason pou nou pote kole. Sonje pawòl granmoun lakay, piti piti fè pil.

Frèm ak sèm yo, fèt drapo a se yon gwo evenman nan la vi nou. Epi se pa nenpòt ki drapo nap fete, se drapo ki di pa genyen chèn ki twò solid pou nou pa ka kasel.

Se pa nenpòt ki drapo nap fete, se drapo angajman ak travay san rezinyasyon san laperèz. Chak tan nou leve tèt nou pou gade drapo nou an, nou wè ki kote nou ka rive si nou travay byen.

Se pa nenpòt ki drapo nap fete, se drapo kouraj ak respè. Kouraj devan nenpòt ki move sitiyasyon ak respè pou tèt nou ak pou tout moun.

Mwen renmen anpil lide inite ke drapo a pote. Inite pisan anpil. Bon Dye tèlman konn pisans inite li konfonn moun ki tap konstwi tou Babel la. Jézi tèlman konn pisans inite li te priye pou disip li yo fè youn avan sakrifis li sou la kwa. Si nou kenbe inite nan fanmi nou, inite nan asosyasyon an, inite nan kominote ya, inite nan peyi nou, tout pwogrè ap vinn fasil. Sèlman fò inite ya fèt nan sa li dwat, nan sa li kòrèk.

Lakay yo di yon sèl dwèt pa manje kalalou. Chodyè pa monte sou yon sèl ròch dife. Chèz bezwen tout pyel poul djanm.

Genyen kèk ane, mwen tap gade chèn Televizyon Animal Planet. Mwen te wè yon gwoup lyon ki te bezwen devore yon bif. Yo idantifye youn nan twoupo a e pi yo fè yon jan poul detachel de parèy li yo. Depi grenn bif sa pran direksyon kontrè de lòt yo, lyon te reyisi devorel fasilman.

Moun ki pa renmen viv ak parèy yo, moun ki renmen rete nan kwen yo pou kont yo, moun ki renmen divizyon se banan mi pou nempòt ki dan pouri.

An nou fè linite. An nou kenbe linite. An nou ankouraje inite. Nan lanmou, nan respè, nan sèvis. Avan lontan vi nou ap chanje, kominote ap avanse e peyi ap transfòme.

Mèsi. Bòn Dye beni nou tout ! An nou pote kole youn ak lòt. Bòn fèt drapo !

 

Share This Post

Subscribe To Our Speeches and blog

keep up to date

Do You Want To Inspire your team?

drop us a line and keep in touch