Jean Ricot Dormeus

Diskou Fèt Drapo 16 me 2021

Prezidan Asosyasyon Ayisyen nan Guyana (AHNIG), Kesnel Toussaint,

Manm Konsèy Egzekitif Asosyasyon Ayisyen nan Guyana,

Ayisyen kap viv nan Guyana,

Ayisyen tou patou,

 

Se yon bèl abitid pou nou selebre drapo nou chak ane. Mwen salye nou pou inisyativ sa e mwen di nou konpliman. Selebrasyon sa pran plis anplè toujou lè nou konnen ki wòl drapo Ayisyen te jwe pou ankouraje lòt pèp pran libète yo. Ki donk senbòl nap fete jodiya, li pa pou Ayisyen sèlman, li pou tout fanm ak gason vanyan ki konn renmen, ki konn sèvi, ki genyen kouraj.

En effet, notre bicolore sert de point de ralliement à tous ceux dont l’amour de soi et l’amour de l’autre interdisent d’accepter domination, exploitation et abus. Plusieurs siècles de soumission et d’esclavage nous ont enseigné que la peur de l’agresseur, malgré sa force apparente, n’est pas une option. Que la mort est préférable à la privation de la liberté. Et aussi que la liberté se perd dans la polémique, dans l’indifférence et dans l’ignorance.

Mwen di renmen se te bwa dèyè bannann libète Ayiti. 

Lè esklav yo te pran konsyans ke yo te kreye nan imaj BonDye, 

lè yo te konprann ke yo te genyen kapasite pou aprann e pou transfòme, 

lè yo te gade nan glas epi yo te renmen imaj ke yo te wè a, 

pa genyen chèn ki te ka mare yo ankò. Pa genyen laperèz ki te ka kanpe devan lanmou sa. Pa genyen zam ou byen vyolans ki te ka fè yo resinye yo rete nan eta yo te ye a.

Mwen di renmen se te etensèl ki le limen bouji libète Ayiti.

Toussaint Louverture te konprann klè ke ou ka fèt nan esklavaj, epi tounen yon ewo ki klere limyè solèy lespwa nan le monn antye, lè ou renmen tèt ou epi renmen moun ki nan kominotew.

Yo te ka relew fatra baton yon lè, epi respekte fòs ou yon lòt lè, siw devlope kòw.

Ou te ka inyoran jodi epi vinn save demen siw devlope lespriw, edike tèt ou, menm si yon sistèm ta vle anpeche sa. Chwazi edikasyon ak fòmasyon, se rejte kilti sistèm esklavaj la.

Mwen di renmen se lapli ki te fè palmis libète pouse epi fè bèl flèch an Ayiti.

Dessalines te wè lèw renmen tèt ou ak moun ki bò kotew tout bon, pye atè paka anpechew genyen laviktwa sou nempòt ki lame.

Lamizè pa ka fè nou pa pwoteje frè nou ak sè nou,

O kontrè nou ka pataje vizyon nou, pasyon nou pou libète, ak kouraj nou avèk lòt pèp.

Jodiya, mwen di si kòm Ayisyen, nou renmen tèt nou epi renmen tout Ayisyen parèy nou, epi trete yo byen,

Nap konprann pa genyen anyen ki sipoze anpeche nou dialoge avèk yon lòt Ayisyen menm si nou pa ta dakò sou anyen.

Nap reyalize ke kache paskew pè, plenyen, kritike ou byen kondane pa ka chanje sitiyasyon nou. Nap reyalize ke kòm moun, nou pa ka kontinye viv jan nap viv la. Nap rele sou tèt nou, nap bay deyè nou de tap, epi nap chanje sa avèk èd BonDye. Fók nou panse byen, fòk nou pale byen, fòk nou aji byen.

Je nou ap louvri pou nou wè ke renmen tèt nou ak lezòt ap pote konfyans nan sosyete nou, lapè ak pwosperite pou nou menm ak pitit nou, konesans ak bon jan travay pou nou prepare avni nou.

Nou bezwen yon revolisyon renmen an Ayiti.

  • Nou bezwen yon revolisyon renmen an Ayiti pou nou wè yon lòt Ayisyen san panse lougarou, kidnapè ou byen korompi pa vinn nan tèt nou. O kontrè, san nou pa pè, n’ap wè nan chak Ayisyen yon frè, yon sè, yon fanmi, menm si se nan mitan lannwit.
  • Nou bezwen yon revolisyon renmen an Ayiti pou ke lakay nou, nan katye nou, nou pale ak jèn yo pou yo devlope tèt yo menm jan ak Toussaint Louverture. 
  • Nou bezwen yon revolisyon renmen an Ayiti pou ke jèn yo genyen kouraj Dessalines pou Ayiti ka tounen “Une Cité du Savoir, une terre d’hommes et de femmes épris de paix, le phare de l’espérance dans le monde, bref La Perle des Antilles”.

Jodiya se vizyon revolisyon renmen sa ki ap soufle dife anba la fwam, epi fèm konnen ke demen ap pi bon.

Se lespwa wè Ayisyen ap pwoteje lòt Ayisyen, sèvi lòt Ayisyen, epi ede lòt Ayisyen vinn rich ki banm kouraj wè ke Ayiti ap tounen Ayiti cheri, pi bèl peyi pasew, nan pwen.

Si Toussaint Louverture et Jean-Jacques Dessalines avaient pu raviver le coeur des amants de la liberté dans le monde, nous pouvons, en nous aimant nous-mêmes et en aimant notre prochain, ragaillardir l’esprit des hommes et des femmes qui aspirent encore à une société d’affluence, de bien-être, d’équité.

Nous n’avons pas besoin d’armes et de munitions pour cette révolution d’amour. Nous n’avons besoin de l’assistance d’aucun autre pays. Nous n’avons pas besoin de nager jusqu’à La Gonâve. Nous avons tout juste besoin d’utiliser notre coeur. Le miracle est en nous. Je crois encore en notre capacité à aimer, à nous aimer nous-mêmes au point de surmonter tous les obstacles pour réaliser le potentiel que Dieu a placé en nous, à aimer l’autre Haïtien au point de le protéger, de le servir et de contribuer à sa prospérité. 

Si comme moi, vous croyez à la révolution de l’amour dans le cœur du peuple haïtien, alors je vous dis à bientôt pour la transformation d’Haïti.

Merci. Que Dieu vous bénisse!

 

https://jeanricotdormeus.com

https://us02web.zoom.us/rec/share/nyRvB2Amb4GDfW59HtDt9BbOcmwyNTv-nDNdhKyp32bjcDsgi0KQDTO_3TOdIScj.ekTzjKxT2dS0Ssx9 

Passcode: ID?+0bh^

 

 

 

Share This Post

Subscribe To Our Speeches and blog

keep up to date

Do You Want To Inspire your team?

drop us a line and keep in touch