Diskou

Jean Ricot Dormeus

Asosyasyon Resòtisan Ayisyen nan Guyana (AHNIG)

Selebrasyon Endependans Ayiti

 1er Janvye 2021

Konpatryòt mwen yo,

Mwen kontan anpil selebre avèk nou 217èm anivèsè endepandans Ayiti. 1e janvye, se yon fèt ki doub: Se premye jou nan ane ya, esperans ap boujonnen nan kè pi fò moun pou yo amelyore vi yo e reyalize plan yo. Se tou jou nou sonje pa janm geyen David ki twò piti pou bat nepòt ki Goliath. Si yon lame ansyen esklav te ka bat pi gwo lame sou latè avèk lanmou pou libète, volonte ak inite, pa geyen anyen nan vi ya no pa reyalize si nou renmel, nou vlel e pi nou ini ak moun ki ka ede nou.

Jou 1e janvye a charye yon mesaj ki pisan, yon mesaj ki di nou ka monte pi wo si nou renmen lòt moun e si nou renmen vize wo, nou ka fè pwogrè si nou vle fè efò pou pwogrè, nou ka viv nan lapè ak pwosperite si nou ini nou ak moun ki ap travay pou menm kòz la.

Pou nou menm ayisyen, anndan jou 1e janvye a, nou jwenn tout zouti nou bezwen pou nou ka fè 2021 yon ane ki pi bon pase tout sa avan yo. Nou jwenn esperans, nou jwenn lanmou, nou jwenn volonte, nou jwenn inite. Si nou kenbe mesaj sa nan tèt nou chak jou, nap ka chache konesans nou bezwen pou nou ka reflechi e jwenn estrateji ak teknik nou bezwen. Pa genyen van tampèt pwoblèm ki ka dire vitam etènam si nou aplike mesaj 1e janvye ya.

Ban mwen di konpliman pou Prezidan Kesnel ak Pastè Badette de gwo poto mitan nan Konsèy Egzekitif AHNIG. Mwen voye yon kout chapo bay tout manm sipòtè asosyasyon an, Ayisyen tankou Giyanè. Se avèk devouman yo ak sakrifis yo ke AHNIG kontinye egziste epi ede Ayisyen ki nan pwoblèm nan Guyana. Tout moun bezwen manje, men se kèk grenn moun ki mete men epi monte chodyè.

Asosyan Ayisyen nan Guyana fè anpil pou reprezante kominote ya, pou kanpe lè youn nan yo ap travèse yon move pas dlo, epi pou di konpatriyòt ki ap viv Guyana yo pa san fanmi nan peyi ya.

Nan ane 2020 an, nou wè kòman asosyasyon an te degajel pou jwenn èd pou konpatriyòt ki tap pran frap nan men kowonaviris. Nou wè ki jan lè yon moun malad ou byen pèdi tèt li, jan anpil moun pote la men fòt. Nou wè ki jan 26 konpatriyòt ki te nan prizon san rezon te rive lage avèk travay AHNIG e kèk sipòtè.

Nou wè tou jan travay AHNIG te pote Gouvènman ayisyen an delege yon anvwaye espesyal pou pote konkou bay konpatryòt ki te nan prizon yo. Nou swete Gouvènman nou an kontinye kominike avèk asosyasyon an pou kominote ya ka jwenn sèvis li bezwen.

Bib la di zòrèy BonDye pa twò di pou tande ni bral twò kout pou sove. Si nou kenbe lafwa ke BonDye ap aji pou nou, nap kontinye fè efò pa nou jiskaske esperans nou tounen reyalite.

Mwen swete Bòn et Erez Ane a tout konpatriyòt mwen yo, ke yo Guyana o swa lòt kote. Sonje ke se pandan nap transfòme tèt nou ke nap tranfòme Ayiti. Pi gwo sèvis nou ka rann peyi nou, se reyisi kelkeswa travay nap fè ou byen kote nou ye. Konsa nap bay bon ekzanp pou lezòt ka swiv. Avan nou nou bat je nou, kominote nou ap vinn pi bon, peyi nou ap vinn pi bon.

Ke BonDye beni Asosyasyon Ayisyen nan Guyana !

Ke BonDye beni Ayisyen nan Guyana !

Ke BonDye beni Ayiti !

Share This Post

Subscribe To Our Speeches and blog

keep up to date

Do You Want To Inspire your team?

drop us a line and keep in touch